Prezantasyon an kreyòl

Se yon gwoup jèn ki te reyini ansanm ak pè Jan Hoet ki te deside fonde yon klèb volebòl. Pi fò nan jèn sa yo te sòti Monben Kwochi, yon komin nan Nòdès peyi Dayiti. Yo te vin Pòtoprens pou yo te kapab ale lekòl sekondè. Klèb la te rive fonde jou ki te 19 me 1996 nan fwaye Mamosa a, epi depi 5 sektanm nan menm ane a li te jwenn rekonesans ofisyèl li kòm manm nan Federasyon nasyonal la (FHVB).

Se dapre kèk nan manm fondatè yo te wè yon fim ki gen kòm tit “ Banzaï”, yo te chwazi non sa a pou klèb ki te fèk fonde a. Mo “Banzai” vle di  “ Se pou li viv pandan mil lane”. Setè yon rèl lagè Japonè, kote solda yo t ap demontre kouman yo pa t asepte lawont pèdi yon batay.

Banzaï se yon asosyasyon ki pa gen okenn enterè politik ni komèsyal. Li vle reyini jèn yo, gason tankou fi, ki renmen volebòl la pou yo kapab pratike l yon fason ki  byen òganize, pou yo kapab distrè yo, devlope sante ak kondisyon fizik yo epi kreye yon yon bon jan relasyon kòm zanmi pami yo. Andedan klèb la pa gen plas pou prejije sou baz politik, sosyal ou byen relijyon.

Koulè klèb la se vè, wouj ak blan. Logo a prezante yon gason ak yon fi ki kenbe yon balon sou tèt filè volebòl la. Yo vle fè tout manm yo konprann kouman Banzai se yon asosyasyon ki reyini tout jèn ki vle viv kòm zanmi sensè epi k ap mete tèt yo ansanm pou fè tout moun respekte klèb la kòm yon asosyasyon ki vle rete fidèl avèk prensip li yo.

Mèt klèb la se Asanble Jeneral la. Se tout manm yo ki enskri ki fome asanble sa a. Li reyini omwens yon fwa chak ane. Asanble Jeneral la delege tout reskonsabilite bay yon komite direktè ki jwenn chak fwa yon manda pou 4 lane.

Pi fò manm  yo se etidyan. Dirijan yo toujou ankouraje yo pou yo bay bon rezilta nan lekòl yo.

Premye antrènman pou medanm yo te fèt sou teren legliz Sakre Kè, jou ki te 21 Me 1996. Se Eddy Etienne ki te premye antrenè klèb la. Ti mesye yo menm te komanse antrene nan Sant Dadadou a, depi premye Oktòb 1996. Se Herode Pierre ki te komanse ak yo.

Jis rive jiyè 2017 Banzaï pa t gen teren ki te ka rele l chèmèt chèmètrès, se konsa nou te blije fè antrènman yo ak anpil nan match nou te gen pou jwe yo sou teren nou prete osinon lwe. Depi 2007 rive 2017 antrenman yo t ap fèt sou teren “Collège Lamartinière”. An jiyè 2017 nou te koumanse sèvi ak pwòp teren pa nou . Depi 2006 Banzaï kreye yon lekòl volebòl pou bay anpil timoun chans aprann jwe volebòl. Lekòl la fonksyonnen chak samdi maten depi 8 è rive midi. Konsa nou kreye yon pepinyè k ap fè nou jwenn bon jwè ak bon jwèz. Videyo n ap gade a se yon repòtaj Tele Ti-moun te vin fè nan dat samdi 6 avril 2018, pandan lekòl la t ap fonksyonnen.

Depi nan lane 1997 Banzaï ap patisipe nan tout konpetisyon LVBRO (Ligue de Volley-ball de la Région Ouest) a ap òganize. Klèb la patisipe preske chak fwa nan chanpyona nasyonal FHVB (Fédération Haïtienne de Volley-ball) ap òganize.

Depi 1997 Banzaï te gen chans pou l te patisipe nan plizyè tounwa entènasyonal, 2 fwa nan peyi Jamayik (2006 ak 2008), 2 fwa Ozetazini (2011 ak 2016) epi plizyè fwa nan peyi Dominikani.

Depi fevriye 2017 nou vin kreye yon bon kontak ak  yon fondasyon ki chita nan peyi vwazen nou k ap fè preske menm travay ak fondasyon Mamosa-Cunina. Se « Fundación Internacional de Ayuda » (FADJD) ki sou kont Mesye Jovanny Delgado Núñez. Konsa ekip medanm nou yo te kapab ale jwe lotbò, nan yon tounwa entènasyonal Me Jovanny t ap òganize etan “Los Alcarrizos”, yon vil pa lwen ak Santo Domingo. Se maladi pè Jan te fè an 2018 ki te paralize l pandan 7 mwa (me jiska desanm 2018) epi se klima ensekirite ki te gen pandan tout lane 2019 la ki te lakòz nou pa t jwenn okazyon pou n te kontinye fè echanj ak FADJD ankò. Kounye a atò se maladi “Covid-19” la ki anpeche n kontinye, jis kilè ????

Banzaï fyè deske li te gen plizyè jwè ak jwèz yo te pran pou seleksyon nasyonal ki t al jwe nan plizyè peyi aletranje.

Ti gwoup jèn ki te fome klèb la nan lane 1996 tounen yon gwo asosyasyon byen djanm ki gen plis pase 200 manm ladann li kounye a. Banzaï toujou mete  ekip kanpe nan konpetisyon rejyonal yo. Epi li gen yon lekòl volebòl avèk bèl gwoup espwa ki kapab devni bon jwè ak jwèz pi devan.   Banzaï tounen yon asosyasyon ki byen òganize, men pwoblèm lajan bay dirijan yo anpil kè sote. Pi fò nan manm yo sòti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen. Yon klèb tankou Bannzay ta dwe gen posibilite pou l fonksyonnen nan nivo li rive a. Anpil depans dwe fèt pou achte materyèl, tankou balon, pou achte inifòm ak ekipman pou ekip li yo, pou òganize yon kan volebòl chak ane, ak estaj pou jwè ak jwèz yo. Antrenè yo merite jwenn yon ti salè pou jan yo devwe pou klèb la. Gen anpil depans pou deplasman ekip yo pou match yo gen pou jwe ak pou antrènman yo. Gen anpil aktivite klèb la ta renmen mete sou pwogram li toujou. An Ayiti li sanble preske enposib pou jwenn esponsò, lèfini ou pap ka konte sou enstitisyon  ki la pou ankouraje aktivite espò nan peyi a. Yo pa janm kenbe pwomès yo. Li ijan anpil pou Banzaï ta jwenn konkou lajan pou l pa mouri.

Katastwòf ki te frape Ayiti 12 janvye 2010 la te fè kwè Banzaï ak Volebòl an Ayiti fini. Fanmi volebòl la te gen plizyè viktim epi pi fò teren volebòl yo te vin disparèt osinon yo te sèvi ak yo pou mete tan pou moun ki pèdi kay yo osinon pou mete tant pou yo mete klas pou lekòl yo. Touswit apre tranbleman tè a te vin gen yon mouvman solidarite ki te deklanche sitou nan peyi Labèljik. Anpil zanmi Mamosa ak Banzaï sèmante Banzaï p ap mouri, epi yo mete yon pakèt aksyon sou pye pou garanti lavi Banzaï la. Ki fè kounye a Fondasyon Mamosa-Cunina vin gen yon gwo pwojè pou l sa konstwi yon sant espòtif kote fondasyon an ak Banzaï ap jwenn plas pou tout aktivite yo vle òganize. Anpil travay gen tan fèt men gen anpil ki pou fèt toujou. Se pwoblèm lajan ki fè nou pa kapab ale pi vit pase sa (gade paj « Le projet de construction).

Antre sant la jan achitèk la wè l

Videyo sa a bay enfòmasyon sou klèb volebòl Banzai. Mwen prezante l bay tout zanmi Banzai yo. L ap fè nou wè kouman Banzai se gwo zafè. Pa gen klèb an Ayiti ki fi anfòm pase l, malgre mwayen nou yo piti. Se gras a solidarite tout manm ak zanmi l yo Banzaï va kapab kontinye sou chemen ekselans la.